Nouvèl ki sòti Libi fè konnen nan yon atak manifestan lanse sou misyon konsilè Lèzetazni nan vil Banghazi, nan pati lès peyi Libi, yo touye anbasadè ameriken an, J. Christopher Stevens, ak 3 anplwaye abasad amerikèn nan nan Libi.
Manifestan yo lanse aso sa a sou konsila a paske yo pa kontan ak yon film amatè ameriken ki ta manke pwofèt Mahomè dega. An plis anbasadè a, manifestan yo touye tou 3 fonksyonè Depatman Deta.
Sekretè Deta Hillary Clinton konfime nouvèl ki di 4 fonksyonè ameriken mouri nan atak sou konsila Lèzetazini nan Benghazi a, e se ak tout fòs li kondane zak sa a.
Manifestan yo te piye konsila a anvan yo te mete dife ladan n.
Yon libyen k ap viv nan Benghazi deklare:
“Jodiya, pèp la pa kontan akoz trètman yo bay Pwofèt Mahomè. Tout moun panse ameriken yo ta renmen sitiyasyon vin konplike. Libyen yo pa renmen moun di move bagay sou pwofèt yo. Pwofèt Mahomè pa Osama Bin Laden. Li pa anyen dòt ke pwofèt nou. Se pi bon moun ki janm viv nan lemond. Alòs, nap chache yon mwayen pou n bloke sikilasyon film nan. Espwa nou, se travay ak relasyon nou ak Lèzetazini pou nou bloke film nan."
Avan atak sou konsila ameriken an nan Benghazi (nan peyi Libi), nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, manifestan te grenpe monte sou mi anbasad amerikèn nan kote yo desann drapo Lèzetazini an epi yo monte nan plas li yon drapo islamik.
Manifestan yo –ki se islamis iltra-konsèvatè pou pi fò-- te kontinye mouvman yo a rive jous douvanjou mèkredi 12 septanm 2012 la. Youn nan manifestan yo, ki eksplike rezondèt patisipasyon n nan pwotestayon an, fè konnen:
"Mwen prezante isit la an kan ke yon ejipsyèn ki pa mizilman ; e mwen pral rete isit la pou m montre solidarite mwen ak frè Mizilman m yo. Se yon wont pou Obama rive pèmèt peyi li a manke pwofèt relijyon Islam nan yon dega konsa."
Anbasad amerikèn nan nan vil Lekèr fè parèt yon deklarasyon kote li di:"Nou kondane efò moun degize pa sispann fè pou yo fwase santiman relijye mizilman yo."
Manifestasyon anti-ameriken yo koyenside ak 11èm anivèsè atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001 an.