Accessibility links

Breaking News

Fen Sesyon òdinè Palman Ayisyen an


Prezidan asanble nasyonal ayisyen an, Senatè Dieuseul Simon Desras, mete fen nan 2èm sesyon òdinè palman an pou ane 2012 la.

Sete yon okazyon pou palmantè yo raple travay yo reyalize pandan sesyon ki pran fen an –tankou pasaj bidjè nasyonal la, konfimasyon nouvo anbasadè gouvènman an nonmen a letranje, epi, antwòt, apwobasyon akò Ayiti siyen ak gouvènman etranje oubyen òganizasyon entènasyonal.

Sepandan, youn nan pi gwo echèk palmantè yo, se le fèt ke yo pat rive jwenn yon antant sou chwa 3 pèsonalite ki pou reprezante Pouvwa Lejislatif la nan Konsèy Elektoral Pèmanan an.
XS
SM
MD
LG