Lèzetazini remèt ofisyèlman bay gouvènman afgan an kontwòl yon prizon ki lage gwo pawòl-anpil nan mitan 2 peyi yo –an palan de prizon Bagram nan- malgre 2 gouvènman yo pa dakò sou kesyon pou konnen ki sò kap tann kèk prizonye. Nan yon seremoni tou kout ki dewoule byen bonè lendi 10 septanm 2012 la, ofisye militè ameriken remèt lame Afganistan an yon afè de 3 mil prizonye.
Prezidan afgan an, Hamid Karzai, konsidere transfè kontwòl prizon an kòm yon viktwa kote Afganistan reprann yon pati nan souverènte li.
Dimanch 9 septanm nan, responsab lOTAN yo te deja remèt pi fò nan prizonye ki te anba men yo. Sepandan, kowalisyon an fè konnen li kanpe operasyon transfè a, paske yo gen dout ke gouvènman afgan pral respekte kondisyon ki poze nan yon memorandòm bòn konpreyansyon sou tretman li pral bay prizonye yo --yon memorandòm 2 pati yo te siyen nan mwa mas 2012 la.