Accessibility links

Breaking News

Etazini: To Chomaj la Rive 8,1%


Mache travay ameriken an te ajoute, pandan mwa dout la, yon afè de 96 mil djòb sou kantite moun ki t ap travay Ozetazini ; sepandan si to chomaj la bese, se paske gen anpil ameriken ki tap chacheh travay, ki sispann chache travay.

Se enfòmaston ki parèt nan yon rapò gouvvèman ameriken an pibliye pou mwa dout 2012 la e ki montre to chomaj la rive nan nivo 8,1% –aloske li te nan nivo 8,3% nan mwa jiyè a.

Sa fè 43 mwa youn aprè lòt depi to chomaj la pi wo ke chif 8%, nan moman ekonomi an kontinye ap redi pou l rekanpe sou pye l aprè yon resesyon ki te kòmanse nan ane 2008 ak 2009.
XS
SM
MD
LG