Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Politik : Prezidan Palman an Konvoke 2 Chanm yo ann Asanble Nasyonal sou Dosye KEP a


Ann Ayiti, Prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desras konfime nouvèl ki fè konnen seyans an Asanble Nasyonal la fikse pou vandredi 31 out 2012 la malgre pwotestasyon kèk palmantè.

Pandansetan Prezidan Michel Martelly kontinye seri rankont li avèk plizyè sektè nan lavi nasyonal la sou dosye fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an ak òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Se konsa lidè ayisyen an te fè chita-tande ak yon gwoup palmantè jedi 30 out la sou seyans ki te dwe reyini depite ak senatè nan jounen vandredi a, epi sou kesyon eleksyon yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG