Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Politik: Palmantè yo Kovoke an Asanble Nasyonal pou Abòde Dosye Konsèy Elektoral la


Reyaksyon kontinye tonbe apre rankont Prezidan Michel Martelly te fè madi 28 out 2012 la avèk reprezantan pati politik yo e ak manm sosyete sivil la sou pwosesis elektoral la.

Daprè responsab pati Konvansyon Inite Demokratik (KID), Evans Paul, si rankont la debouche sou yon enpas, se chèf deta a ki responsab, puiske, daprè Misye Paul, Misye Martelly te deja genyen yon solisyon pou pwoblèm ki bloke pwosesis la byen anvan rankont la te kòmanse.

Mesye Paul mande prezidan an pran dispozisyon ki nesesè pou l anpeche peyi a antre pi fon nan kriz politik kote li twouve l jounen jodi a.
XS
SM
MD
LG