Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Politik: Palmantè yo Kovoke an Asanble Nasyonal pou Abòde Dosye Konsèy Elektoral la


Ann Ayiti, responsab politik yo kontinye ap fè demach pou yo chache jwenn yon antant sou fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an ak òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Pa egzanp, mèkredi 29 out 2012 la, Prezidan Michel Martelly rankontre ak kèk palmantè pou l te chache apui yo pou yon plan ki ta kapab debouche sou yon solisyon pou enpas la, epi prezidan palman an, Sanatè Simon Dieuseul Desra, konvoke manm 2 chanm yo nan yon seyans an asanble nasyonal ki fikse pou vandredi 31 out la, pou yo diskite, antwòt, sou fòmasyon KEP a –pi presizeman sou mwayen pou yo jwenn yon antant sou chwa pèsonalite ki pral reprezante palman an nan konsèy elektoral la.
XS
SM
MD
LG