Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rankont Prezidan Martelly ak Lidè Politik yo sou Dosye Eleksyon an


Prezidan Michel Martelly fè yon rankont, madi 28 out 2012 la, nan Caribe Convention Center, ak reprezantan divès pati politik e manm Sosyete Sivil la sou plan gouvèman an genyen pou l òganize eleksyon anvan lontan nan peyi a.

Chita-tande a --ki te dewoule sitou sou fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an ki ta dwe responsab òganizasyon eleksyon yo-- te dire plizyè èdtan.

Sanble okenn rezilta konkrè pa sòti nan rankont la, paske kèk lidè politik ak ofisyèl sosyete sivil la poko ka aksepte fason gouvènman fòme KEP a.
XS
SM
MD
LG