Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Politik : Rankont Gouvènman an ak Lidè Pati yo sou Pwochen Eleksyon yo


Nan peyi Dayiti, otorite nan gouvènman Matelly-Lamothe la pral fè yon rankont, Madi 28 out 2012 la, avèk dirijan kèk pati politik sou preparasyon eleksyon ki gen pou dewoule anvan lontan pou renouvle, antwòt, yon tyè Sena a.

Nap raple ke gouvènman an te enslale semèn pase a manm yon konsèy elektoral pèmanan san 3 reprezantan Pouvwa Lejislatif la, malgre pwotestasyon divès sektè.

Yon lòt kote, daprè dènye chif Biwo Pwoteksyon Sivil la pibliye sou kantite viktim ak valè dega tanpèt twopikal Izaak koze, jiskaprezan gen 19 moun ki mouri tandiske plizyè dizèn tèt betay mouri e anpil kay kraze.

Pami mò yo, genyen manm yon fanmi ki pèdi lavi yo aprè tèt kay kote yo te ye a, te tonbe sou yo.

Biwo Pwoteksyon Sivil la ap kontinye revize chif yo ofieamezi lap resevwa done kap sòti nan zòn ki lwen yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG