Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Izaak ap Mache nan Direksyon Lil Dayiti


Tanpèt twopikal Izaak ap pase sou Grand Zantiy yo
Tanpèt twopikal Izaak ap pase sou Grand Zantiy yo
Espesyalis metero yo prevwa tanpèt twopikal Isaak, kap travèse Karayib la, kapab tounen yon siklòn jedi 23 out 2012 la, nan moman lap vin pi pre Lil Dayiti ki gen ladan n Repiblik Dominikèn ak Repiblik Dayiti.

Nan Santo Domingo, otorite ki okipe zafè dijans e ki jere dezas ak sekou, pale mèkredi ak laprès pou yo di popilasyon an dwe prepare l pou l fè fas ak gwo lapli-lavalas ki, san di pètèt, kapab pwovoke inondasyon pandan 3 jou kap vini la yo. Juan Manuel Mendez, direktè Sèvis Meteowolojik dominiken an, pale pou l di –nap site:

“Li entèdi pou moun ale sou plaj sou tout kòt peyi a, menm jan li entèdi pou moun sèvi ak sant akwatik spòtif yo, ni fè akivite rekreyatif sou plaj yo. Pou moun ki mele nan aktivite pèch yo –sitou sa yo ki konn sèvi ak bato pou yo ale peche nan fon lanmè- ebyen, nap di yo aktivite konsa tonbe tou anba entèdiksyon.”

Si Izaak kenbe trajektwa li, lè li kite Ayiti ak Repiblik Dominikèn, li pral mete kap sou Kiba kote espesyalis meteo yo prevwa li kapab tounen yon siklòn. Daprè direksyon lap swiv kounye a, li ka rive sou kòt Lèzetazini byen bonè semèn pwochèn; espesyalis yo menm prevwa, si sa fèt, li kapab genyen move konsekans sou dewoulman konvansyon nasyonal Pati Repibliken an ki gen pou kòmanse lendi 27 out 2012 la nan vil Tampa, Eta Florid
XS
SM
MD
LG