Accessibility links

Breaking News

Etazini - Politik: Avòtman se Youn nan Tèm Deba nan Pwochen Konvansyon Pati Repibliken an


Ozetazini, Pati Repibliken an ap prepare yon konvansyon ak yon platfòm ki, antwòt, ta mande yon amandman konstitisyonèl ki aboli avòtman.

Angajman pati a pran vizavi avòtman an –ou dilatasyon- pa gen ladan eksepsyon ki konsènen moun ki ansent aprè yon kadejak oubyen nan ka ensèst (sètadi, yon papa ki ta ansent yon piti-fi li, oubyen yon pitit-gason ki ta ansent manman n).

Konsa, tèm sa a nan platfòm nan byen kapab jwenn opozisyon bò kote kandida ki sanble pral jwenn nominasyon Pati Repibliken an, an palan de ansyen gouvènè Eta Massachusetts, Mitt Romney.

Se konsa tou, platfòm nan mande yon amandman konstitisyonèl ki ta bay yon bebe ki poko fèt (donk, ki nan vant manman n toujou) dwa pou l viv san moun pa tante mete fen nan egzistans li.

Nouvèl la raple ke yon kandida pa oblije aksepte tout sa ki nan platfòm pati a.
XS
SM
MD
LG