Accessibility links

Breaking News

Presizyon Prezidan Martelly sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an


Prezidan Michel Martelly deklare li enstale Konsèy Elektoral Pèmanan pou l respekte sa k di nan konstitisyon ayisyèn nan.

Chèf deta a pale konsa byen ta lendi 20 out 2012 la nan yon diskou ki pase sou Radyo ak Televizyon Nasyonal d Ayiti.

Nan yon moman nan mesaj li a, Misye Martelly deklare: “Demokrasi mache ak eleksyon; se nan eleksyon pèp la kapab chwazi moun ki pou dirije li.”

Alòs, nan lespri pou pèmèt peyi a genyen « bon jan eleksyon, san koken, san mètdam », gouvènman an mete KEP a sou pye ak 6 manm, olye de 9, e li espere palman an pap pran tan pou l reyini an asanble nasyonal pou l deziye 3 reprezantan li pral voye nan enstitisyon an.
XS
SM
MD
LG