Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Atak Militan Sou Avyon Kòmandan Wo Eta Majò Lame Etazini an


مارتین دمسی در افغانستان
مارتین دمسی در افغانستان
Otorite l’OTAN yo fè konnen militan afgan yo lanse kout wòkèt, byen bonè madi 21 out 2012 la, sou yon baz ayeryèn nan Afganistan kote yo domaje yon avyon pi gwo otorite militè ameriken an, an palan de kòmandan Wo Eta Majò Lame Lèzetazini an, Jeneral Martin Dempsey, te itilize pou l al fè yon vizit nan Afganistan.

Jeneral Dempsey pat abò avyon an nan moman atak la. Aprè sa, li kite baz la abò yon lòt aparèy.

Atak la blese 2 anplwaye ki te sou baz la.
XS
SM
MD
LG