Accessibility links

Breaking News

Vizit Kòmandan Wo Eta Majò Lame Amerikèn nan nan Afganistan


Телеведуча, акторка Опра Вінфрі.<br />
<br />
Будь-який громадянин США може написати лист на ім&#39;я президента і запропонувати людину, яку він вважає гідною нагороди.
Телеведуча, акторка Опра Вінфрі.<br /> <br /> Будь-який громадянин США може написати лист на ім&#39;я президента і запропонувати людину, яку він вважає гідною нагороди.
Pi gwo otorite militè Lèzetazini an, kòmandan wo eta majò lame amerikèn nan, jeneral Martin Dempsey, twouve li nan peyi Afganistan kote li pral rankontre ak ofisye militè fòs kowalisyon l’OTAN an ak wo grade lame Afganistan an, pou l abòde avèk yo yon resan vag atak sòlda ak polisye afgan lanse sou manm fòs entènasyonal la.

Jeneral Dempsey debake bonè lendi nan yon baz naval ki rele “avyasyon militè Bagram” ki pa lwen ak vil Kaboul.

Nan 15 jou ki pase yo, manm lame ak lapolis Afganistan touye 10 sòlda kowalisyon entènasyonal la.

Nan dènye ensidan a,n ki dewoule dimanch 19 out la, yon nèg ki te gen sou li inifòm lapolis afgan an, ouvè kout zam sou yon sòlda l’OTAN epi li touye li.

Omwen 39 manm kowalisyon an mouri nan zak konsa depi ane 2012 la kòmanse.
XS
SM
MD
LG