Accessibility links

Breaking News

Pwoblèm Sechrès la Bese nan Sant Etazini; Men Li Pa Elimine Nèt


Otorite ameriken yo di yon tanperati ki pi frè ak lapli ki tonbe sa pa gen lontan nan rejyon santwès Lèzetazini --kote sechrès poze gwo pwoblèm ane sa a-- amelyore kondisyon an nan plantasyon yo, men daprè yo, sechrès la poko fini.

Nan yon deklarasyon Depatman Agrikilti Ameriken an (USDA) fè parèt madi 14 out 2012 la, li di te gen anpil lapli nan pati lès rejyon konsène a -- sa yo rele swadizan « senti mayi ameriken an », kote nou jwenn Eta Michigan ak Ohio e preske tout santwès la te resevwa yon kantite lapli modere.

Otorite ameriken yo ajoute pou rejyon afekte yo rekanpe sou pye yo aprè sechrès la, sa pral mande non sèlman yon chanjman sezon, men tou bon jan lapli. Administrasyon Obama a mete plizyè milyon dola asistans a la dispozisyon elvè ak plantè yo pou ede yo repare plantasyon yo ak biznis gadinay yo, e li ofri pou l achte vyann ak pwason ki prale nan bank manje yo ak lòt pwogram asistans alimantè.
XS
SM
MD
LG