Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Prezidan Morsi fè 2 Ofisyèl Wo Plase Pran Retrèt yo


Prezidan ejipsyen an, Mohamed Morsi bay lòd pou minis defans peyi a ak chèf deta majò a pran retrèt yo.

Yon pòtpawol prezidansyèl anonse tou ke msye Morsi anile amandman konstitisyonèl lame te deklare a e ki te bay komandan militè yo plen pouvwa.

Prezidan Morsi fè Lietnan jeneral Abdel Fattah al-Sissi prete sèman kòm nouvo minis defans pou ranplase Hussein Tantawi, ki te mentni pòs la depi sou rejim prezidan dechouke Hosni Mubarak la.

Li nonmen tou yon Jij wo plase, Mahmoud Mekki kom vis prezidan. Sa se dènye re- òganizasyon ki fèt aprè militant yo te lanse atak ki te fè anpil san koule sou lame a nan preskil Sinai a, atak ki te pran la vi 16 gàd fwontyè ejipsyen.
XS
SM
MD
LG