Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Depite Levaillant Louis-Jeune Pwone Dyalòg sou Kreyasyon Pwochen KEP a


Prezidan chanm depite a, Levaillant Louis Jeune, pa kwè iltimatòm Prezidan Michel Martelly bay palman an pou l chwazi reprezantan n nan, se pi bon mwayen pou jwenn yon solisyon sou kreyasyon pwochen Konsèy Elektoral Pèmanan an (KEP).

Misye Louis-Jeune pwone dyalòg kòm yon pati nan efò ki dwe debouche sou yon enstitusyon pou òganize pwochen eleksyon yo.

Pandansetan, nouvèl yo fè konnen jiris Néhémy Joseph, pòtpawòl CSPJ (Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a) bay demisyon n nan konsèy la.

Mèt Joseph sanble pran desizyon sa a sou demand Federasyon Bawo Avoka Ayisyen yo, ann atandan pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la jwenn yon solisyon pou divizyon ki egziste antre yo konsènan kreyasyon KEP a.
XS
SM
MD
LG