Accessibility links

Breaking News

Madan Martelly Pale ak Lavwadlamerik de Plizyè Pwogram Sosyal ann Ayiti


Premye Dam Repiblik Dayiti a, Sophia Martelly, ki te patisipe nan 19èm Konferans Entènasyonal sou Sida a nan Washington DC, te pwofite de pasaj li nan kapital federal Lèzetazini an pou l rankontre ak kèk gwo pèsonalite nan administrasyon Obama a.

Se konsa tou Madam Martelly te fè chita-tande ak youn nan senatè Eta Florid yo, Marco Rubio, kèk ansyen diyitè ameriken tankou ansyèn Premyè Dam Laura Bush, epi ofisyèl nan kèk ajans tankou USAID ak Depatman Agrikilti Lèzetazini an (USDA). Tèm rankont sa yo sete, antwòt:

-Yon kanpay san rete kont VIH/SIDA;
-Apui Lèzetazini pou sektè agrikòl la ann Ayiti;
-Epi asistans ki nesesè pou pi byen nouri elèv ayisyen yo.

Nan yon entèvyou eksklizif ak Lavwadlamerik, Premyè Dam Ayisyèn nan ensiste sou le fèt ke rankont li yo pat santre sèlman sou VIH/SIDA. Sophia Martelly gen espwa kominote entènasyonal la pral kontinye akonpaye pèp ayisyen an sou wout devlopman an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute entèvyou Madam Martelly a avèk Marie Luce Pierre.
XS
SM
MD
LG