Nan fen yon konsèy dè minis ki dewoule Okay nan jounen mèkredi 8 out 2012 la, Premye Minis Laurent Lamothe prezante yon bilan pozitif pou gouvènman an.
Li pale de efò ki sou pye pou kreye yon afè de 77 mil travay pou konbat chomaj ak lamizè nan peyi a, nan moman Ayiti ap fè efò pou l debat anba move konsekans yon ekonomi mondyal k ap travèse gwo difikilte.
Misye Lamothe di tou reyinyon Okay la debouche sou kèk plan ak pwogram travay pou minis yo e gouvènman an ap mete sou pye mekanism ki nesesè pou fè suivi sou reyalizasyon travay sa a.
Klike sou ikon ki agoch la pou w gen detay ak korespondan nou Jean Hernst Eliscar anvan Jean-Christophe Collègue, ki nan Mirbalais, pale de anons delege depatmantal Plato Santral la, Georges Garnier, fè pou di gouvènman an pran dispozisyon pou l konbat chomaj nan rejyon an epi ede paran ki bezwen asistans pou yo voye pitit yo lekòl.