Accessibility links

Breaking News

Najè Ameriken Michael Phelps Ranpòte 20èm Meday li nan Je Olenpik Lond 2012 Yo


Michael Phelps (agoch) ak Ryan Lochte--2 Ameriken--apre konpetisyon naj 200 mèt medley endividyèl la nan demi-final Je Olenpik 2012 Lond yo
Michael Phelps (agoch) ak Ryan Lochte--2 Ameriken--apre konpetisyon naj 200 mèt medley endividyèl la nan demi-final Je Olenpik 2012 Lond yo
Michael Phelps bat youn nouvo rekò nan konpetisyon naj yo jedi 2 dawout la nan Je Olenpik Lond 2012 yo. Ak viktwa li nan eprèv 200 mèt 4 naj la, Phelps dekwoche non sèlman 20èm meday li, men li mete yon sèzyèm ann ò nan pòch li---yon palmarès ki fè l antre toudwat nan listwa (nan istwa Je Olenpik yo tou) kòm atlèt ki ranmase pi plis meday nan evènman spòtif entènasyonal la.
Phelps pran tit chanpyon 200 mèt medley endividyèl la tou pou l tounen premye najè nan istwa Je Olenpik yo ki ranpòte tit sa a pandan 3 konpetisyon afile. Li bat konpatriyòt ameriken e pi gwo rival li, Ryan Lochte—ki genyen rekò nan disiplin sa a nan ponyèt li.
Pou kounye a, Lèzetazini ap mennen nan konpetisyon Je Olenpik yo avèk 37 meday. Lachin 34, Japon 19, L'almay ak Larisi 17 epi Frans ki genyen 16.

Pou wè ki peyi k ap mennen pou kantite meday lò ak meday ajan yo ranmase, fè yon klik sou ralonj ki anba atik sa a.

http://www.london2012.com/medals/medal-count/
XS
SM
MD
LG