Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, fè konnen li jwenn anpil satisfaksyon nan fason Kanaval dè Flè a dewoule nan Pòtoprens sòti dimanch 29 pou rive madi 31 jiyè 2012 la. Otorite yo fè konnen objektif kanaval ane sa a sete pou pote yon bourad bay ekonomi an, avèk touris li tap atire, epi ede ti machann tankou sila yo kap vann pate, papita, kola, elatriye. Sepandan, kèk sektè pat mete dlo nan bouch yo pou yo kritike inisyativ la, paske, daprè yo, nan moman Ayiti ap fè fas ak divès kalte defi, se pat le momen pou Leta depanse anviwon 60 milyon goud pou l mete banbòch popilè konsa sou pye.
Yon lòt kote, otorite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pataje santiman chèf deta ayisyen an, menm si yo te anrejistre 2 mò avèk 300 blese pou pipiti. Daprè sa pòtpawòl PNH la, Frantz Lerebourg, di Lavwadlamerik, bilan pwovizwa a gen ladan n yon dizèn arestasyon.
Klike sou “koute” pou w tande deklarasyon Misye Lerebourg nan mikwo Jean Pierre Leroy.