Accessibility links

Breaking News

Najè Ameriken Michael Phelps Tabli yon Nouvo Rekò Olenpik avèk 19 Meday


(Sòti sou la men goch): Michael Phelps, Conor Dwyer, Ricky Berens avèk Ryan Lochte, ki poze pou yon foto avèk meday dò yo ranpòte nan final naj relè, stil lib 4x200 mèt la
(Sòti sou la men goch): Michael Phelps, Conor Dwyer, Ricky Berens avèk Ryan Lochte, ki poze pou yon foto avèk meday dò yo ranpòte nan final naj relè, stil lib 4x200 mèt la
Najè ameriken Michael Phelps fè listwa nan Je Zolenpik Lond yo: li pran 2 meday madi 31 jiyè 2012 la pou yon total 19 jiskisi. Se yon nouvo rekò e li ka ajoute sou chif sa a, paske konpetisyon naj yo ap kontinye.

Michael Phelps ranpòte yon meday dajan nan kous 200 mèt papiyon an epi, avèk ko-ekipye li yo, li pran meday dò a nan naj lib relè 4-pa-200 mèt, kote Lafrans ranpòte meday dajan an tandiske Lachin, li menm, pase men pran meday bwonz la. Michael Phelps te pran nesans nan Vil Baltimore, nan eta Maryland, toupre Washington, D.C., e moun konnen misye nan zòn nan kòm yon jwè bizbòl e yon vedet foutbòl zèpòl kare.

Najè Phelps pase men pran rekò olenpik la nan men ansyen jimnas sovyetik Larisa Latynina pou kantite meday yon alèt ranpòte – Latynina te gen 18 meday olenpik an tou.

Toujou konsènan Je Zolenpik yo : ekip jimnastik feminen ameriken an ranpòte meday dò a pou la premyè fwa depi olenpyad yo te dewoule nan vil Atlanta. Apre jounen madi 31 jiyè a, sou tablo meday yo, Lèzetazini twouve l egal-ego avèk Lachin; yo chak genyen 23 meday --men chinwa yo klase an premyè pozisyon paske yo ranpòte 13 meday dò, tandiske ameriken yo ranmase 9. Japon vini an 3 zèm pozisyon avèk yon total 13 meday epi Lafrans klase 4èm avèk 11 meday. Peyi òganizatè a, La Grand Bretay, klase 10èm avèk 5 meday.
XS
SM
MD
LG