Accessibility links

Breaking News

Kanaval dè Flè a Kòmanse Dimanch nan Pòtoprens


Foto achiv yon madigra panameyen pandan kanaval 2012 la (AP Photo)
Foto achiv yon madigra panameyen pandan kanaval 2012 la (AP Photo)
Ann Ayiti, Kanaval dè Flè a kòmanse dimanch 29 jiyè 2012a nan Pòtoprens. Otorite yo di l ap pote avantaj ekonomik pou peyi a; yo lonje dwèt sou "anpil pasaje ki ranpli avyon yo" nan 2 zou 3 jou ki pase yo kòm yon siyn ki anonse siksè kanaval la. Nouvèl yo fè konnen Prezidan Martelly te fè yon virewon pandan defile kanaval la dimanch; li di moun yo: "kanaval la se pou nou" epi li swete yo "bon kanaval."

Yon lòt kote, kèk sektè kritike òganizasyon Kanaval dè Flè a ane sa a ann Ayiti. Yo di peyi a genyen priyorite ki pi ijan pase 3 jou banbòch popilè. Se konsa gen palmantè ki anonse entansyon pou yo konvoke kèk minis pou yo di ki kote lajan òganizasyon kanaval la sòti. Klike sou ikon ki a goch la pou w koute yon repòtaj Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG