Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rapò ant Ekzekitif la ak Lejislatif la, daprè Senatè Desra


Pandan yon vizit Prezidan Sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, te fè nan Lavwadlamerik semèn sa a, li te bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou kote li te pale, antwòt , de rapò ki egziste jounen jodi a ant Egzekitif la ak Palman an.

Misye Desra bay opinyon li tou sou chans siksè gouvènman ki genyen nan tèt li antreprenè Laurent Lamothe –chans ki gwo anpil, daprè Prezidan sena a.

Sepandan, palmantè a ajoute tout bagay pral depann de kesyon pou konnen èske Misye Lomothe pral kontinye pran kontak ak sektè konsène yo lè li genyen pou l pran yon desizyon e sitou si li mete an pratik konsèy li resevwa nan konsiltasyon sa yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon ekstrè nan entèvyou sa a.
XS
SM
MD
LG