Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Chinwaz la Ralanti, daprè FMI


Fon Monetè Entènasyonal fè konnen ekonomi chinwaz la fè yon ralanti tou dousman nan moman genyen yon bès nan demand pou ekspòtasyon peyi Lachin, mete sou desizyon gouvènman an pran pou l fè chanjman nan priyorite Leta – desizyon ki genyen move konsekans sou kwasans ekonomi an.

Nan yon rapò FMI pibliye mèkredi 25 jiyè 2012 la, li di li atann ni aske kwasans ekonomi chinwaz la ralanti pou l desann nan nivo 8 pou san ane sa a, e li site kriz ki genyen nan Zòn Ewo a kòm youn nan prensipal risk ki poze pou ekonomi sa a.
XS
SM
MD
LG