Accessibility links

Breaking News

Entèviou Premye Minis Laurent Lamothe Ak Lavwadlamerik


Misye Lamothe di Lavwadlamerik tou lap travay ak palman an pou jwenn yon antant sou kreyasyon Konsèy Elektoral la
Misye Lamothe di Lavwadlamerik tou lap travay ak palman an pou jwenn yon antant sou kreyasyon Konsèy Elektoral la

Premye Minis ayisyen Laurent Lamothe di lap travay ak palman an pou jwenn yon antant sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an. Nan yon entèviou li bay chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald Cesar, nan kad yon vizit l ap fè nan kapital federal Lèzetazini an (Washington, DC.) misye Lamothe deklare li pi bon pou yo mete sou pye yon Konsèy Elektoral Pèmanan olye yon KEP pwovizwa pou kèk mwa.

Lè Lavwadlamerik mande l' eske reta nan kreasyon Konsèy Elektoral la pa riske pwovoke yon kriz politik nan peyi a, chèf gouvènman Ayiti a reponn pa lanegativ e ekate posibilite sa a pandan li lanse apèl anfavè dyalòg, sajès, tèt-ansanm pou fasilite òganizasyon eleksyon yo nan peyi Dayiti.

Pou abòde yon tèm mwen politik, misye Lamothe fè Lavwadlamerik konnen li nan "pourparlers" ak konpayi aeryèn Jet Blue pou wè si li va mete yon nouvo liy avyon ki va konnekte Pòtoprens ak Lèzetazini. Objektif la, dapre Laurent Lamothe, se ede bese pri tikè yo pou vwayajè ayisyen e etranje ki vle al vizite (vise-vèsa)Ayiti ou Lèzetazini

Yon lòt kote, premye minis ayisyen an di misye César "li enfòme òganizasyon non-gouvènmatal kap opere ann Ayiti yo (ONG ) sou priyorite gouvènman li an e li egzije pou envestisman y ap fè ann Ayiti a koresponn ak priorite sa yo".

Pou plis detay sou chita-koze sa a, ale sou ralonj ki agoch paj web la anba Tab Multimedia a pou nou koute tout entèvoiu premye minis Laurent Lamothe bay Lavwadlamerik madi 24 jiyè 2012 la

XS
SM
MD
LG