Accessibility links

Breaking News

150èm. Anivèsè Relasyon Diplomatik ant Ayiti ak Lèzetazini


12 jiyè 1862-12 jiyè 2012: Ayiti ak Lèzetazini make, jedi 12 jiyè 2012 la, 150èm anivèsè etablisman relasyon diplomatik antre yo. Premye reprezantan Lèzetazini ki te ale Pòtoprens, sete Benjamin F. Whidden, ki t al dirije premye misyon konsilè Lèzetazini te fè ouvè ann Ayiti sou lòd Prezidan Abraham Lincoln, kèk mwa aprè gouvènman li a te rekonèt endepandans d Ayiti nan dat 12 jiyè 1862. Kèk mwa apre, an fevriye 1863, premye reprezantan diplomatik ayisyen an ta prale Washington: sete Kolonèl Ernest Roumain.

Nan okazyon 150èm anivèsè relasyon diplomatik ayisyano-ameriken yo, anbasad 2 peyi yo fè parèt yon deklarasyon ansanm, kote yo mete aksan sou gran moman istwa relasyon sa yo.

Nan deklarasyon sa a, Anbasadè ayisyen an nan Washington, Paul Altidor, di antwòt :
" Nan moman n ap prepare yon nouvo chemen pou nou avanse ann Ayiti, nou espere ranfòse relasyon bilateral yo avèk Lèzetazini. Nou rekonèt Lèzetazini kanpe bò kote nou kòm yon patnè egal-ego pou pwosperite nou, e nou rekonesan pou sa."

Bò kote pa l, Anbasadè ameriken an nan Pòtoprens, Kenneth Merten, pale de evolisyon relasyon 2 peyi yo pandan 150 dènye ane yo.

Diplomat la di:
"Nou fè yon bon bout chemen ansanm, nou menm Ayisyen ak Ameriken. Kòm 2 premye repiblik endepandan nan emisfè a, li klè ke lanmou nou pou libète ak jistis se yon bagay ki chè anpil pou tou lè 2 pèp nou yo."
XS
SM
MD
LG