Accessibility links

Breaking News

Apèl Sekretè Deta Clinton pou Peyi Azyatik yo Rezoud Pwoblèm Navigasyon yo


Sekretè Deta Ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè Deta Ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton lanse yon apèl pou peyi k ap reklame teritwa nan lanmè chinwa a ki chaje ak resous pou yo rezoud pwoblèm yo genyen an diplomatikman .

Chèf diplomasi amerikèn nan ki twouve l nan Kanbòj pou yon rankont minis afè etranjè sidès Azyatik yo , deklare Washington pap pran pou okenn pati nan chirepit nan kesyon teritwa---yon konfli ke Lachinn doza do ak plizyè vwazen sou kot pasifik la .

Sepandan Sekretè Clinton deklare pandan preparasyon Fowòm rejyonal konferans chak minis afè etranjè sidès Azyatik yo, Etazini genyen yon enterè nan libète navigasyon , nan kenbe lapè ak stabilite ak respè lwa entènasyonal yo ak lwa djanm sou komès nan sid Lamè Lachinn .

Gwo tansyon monte disèt wotè sa pa gen lontan la a avèk Vyetnam, Filipinn ak lòt peyi vwazen akize peyi Lachinn poutèt li ta gen konpòtman agresif nan lanmè a. Pati lanmè sa a se youn nan zòn ki gen plis aktivite nan lemomd avèk pakèt bato k ap fè transpòtasyon . Se yon zòn tou ki sanble gen gwo rezèvwa petwòl.
XS
SM
MD
LG