Ann Ayiti, Premye Minis Laurent Salvador Lamothe ak manb gouvènman an te reyini, jedi 5 jiyè 2012 la, nan vil Kap-Ayisyen kote Conseil des Ministres la (sètadi rankont manm kabinè ministeryèl la òganize chak semèn) dewoule pou la premyè fwa andeyò kapital la, Pòtoprens –pi presizeman nan vil Kap-Ayisyen.
Nan rankont Okap la, chèf gouvènman an ak minis li yo diskite sou kèk pwojè administrasyon Martelly-Lamothe la genyen pou peyi a e tou espesyalman pou Gran Nò a. Yon lòt kote, yon jij nan Ti Gwav atire atansyon sou move eta prizon vil la e li lanse apèl bay otorite yo nan Pòtoprens pou yo bay mwayen ki nesesè pou amelyore sititasyon prizonye yo.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute detay 2 nouvèl sa yo avèk korespondan nou Yvan Martin Jasmin ki nan vil Kap-Ayisyen avèk Montigène Sincère nan Ti Gwav.