Nan Gonayiv, anplwaye mèri a fèmen biwo lakomin nan nan moman yap fè grèv pou yo mande Leta peye yo plis ke 6 mwa yo pase ap travay san touche. Pandansetan, nouvèl yo fè konnen fatra fè kenken nan lari yo, paske sèvis vwari pa travay akoz anplwaye yo kap obsève yon kanpo.
Yon lòt kote, OIM mete ak otorite lokal yo nan Jakmèl pou deplase dènye viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki tap viv nan yon kan, dèyè Lise Penchina. Chaken nan 42 fanmi ki rete nan kan an ap resevwa 20 mil goud pou yo chache yon kote pou yo lwe.
Sepandan kèk pè ak mè de fami di lajan sa a pap ase pou ede yo deplase, sitou fanmi ki genyen timoun malad.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute plis detay sou 2 nouvèl sa yo ak korespondan nou Alfred Jean (Gonayiv) epi Eveline Adonis (Jakmèl).