O Perou, manifestan ki pa dakò ak pi gwo pwojè gouvènman an genyen nan domèn eskplwatasyon min nan, tonbe nan lese-frape ak lapolis e ak manm lame a madi 3 jiyè 2012 la, pandan yo te lanse yon atak sou mèri yon vil pwovens ki rele Celendin, nan Depatman Cajamarca, nan nò peyi a.
Bilan : omwen 3 moun mouri, tandiske 21 lòt pou pi piti blese. Daprè Ministè enteryè perivyen an, sanble kèk kout-zam te sòti nan mitan manifestan yo avan lapolis te pase alaksyon; konfwontasyon an te tèlman mangonmen, lame te oblije voye ranfò bay polisye yo.
Direktè jeneral Depatman Santé Piblik la di li pa konnen si gen polisye oubyen sòlda pami moun ki blese yo.