Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans Nui Sektè Touristik la o Meksik


Vyolans ki gaye nan peyi Meksik pouse Depatman Deta lanse yon pinga bay vwayajè ameriken pou mande yo evite kèk rejyon nan peyi a --pami yo genyen gwo zòn touristik tankou Acapulco ak Mazatlàn.

Anpil nan zak vyolans yo makònen ak gang kap fè trafik dwòg; men anpil fwa victim yo se etranje, kidonk touris ki al vizite e pase bon tan nan peyi a. Nan dènye Somè G-20 an ki te dewoule nan Los Cabos, o Meksik, minis tourism meksiken an, Gloria Guevara, te lanse apèl bay lidè mondyal yo pou l mande yo rekonèt wòl tourism jwe nan pwomosyon devlopman ekonomik.

Men imaj Meksik kòm yon destinasyon touristik soufri anpil avèk pakèt zak vyolans kap sakaje peyi a; sa lakoz gouvènman 2 pi gwo peyi ki voye touris o Meksik (Etazini ak Kanada) lanse avètisman kont vwayaj nan peyi a. Malgre tout twoub ak vyolans sa yo, Meksik te anrejistre yon kantite touris entènasyonal ki te depase 22 milyon moun ane pase a.
XS
SM
MD
LG