Gouvènman ameriken an siyen ak administrasyon Martelly-Lamothe la yon akò yon milya dola pou pèmèt otorite yo ann Ayiti amelyore sistèm sante a.
Anbasadè ameriken an nan Pòtoprens, Kenneth Merten, ki siyen akò a avèk Premye Minis Laurent Lamothe, fè konnen Lèzetazini pal debloke lajan an sou yon peryòd 5 lane e domèn priyoritè asistans la vize se, antwòt, lit kont maladi Sida, sante manman ak ti bebe, epidemi kolera a.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou akò a ak lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.