Accessibility links

Breaking News

Etazini Devwale Yon Nouvo Strateji pou Afrik


Etazini devwale sa l rele yon nouvo strateji pou Afrik, ki santre sou demokrasi, kwasans ekonomik, lapè ak devlopman.

Yon deklarasyon ki soti nan Mezon Blanch, jedi 14 jen an, fè konnen plan an vize sitou avni kontinan Afrik la, e li baze sou travay nan tèt ansanm ak rejyon an.

Etazini fè konnen li pral pouse politik pou fè gouvènman yo pran responsablite pou aksyon yo, fè pwomosyon pou dwa moun e defye lidè ki menase demokrasi.

Deklarasyon an kontinye pou di Etazini pral ankouraje konpayi ameriken fè biznis ak Afrik e envesti sou kontinan an.

Nouvo strateji sa a parèt nan moman otorite ameriken yo te anime yon reyinyon sou lwa ki rele Lwa Etazini-Afrik Ane 2000 pou Kwasans ak Opòtinite.

Sekretè Deta Hillary Clinton fè konnen lwa a kreye nouvo djòb ak nouvo sektè nan ekonomi afriken yo.
XS
SM
MD
LG