Accessibility links

Breaking News

Irak: 4 Diferan Eksplozyon Atravè Peyi a fè 46 Mò


Otorite irkayen yo rapòte plizyè bonm eklate nan divès vil nan moman shi’ite –yo reyini pou kèk pwosesyon relijye; bilan: 46 moun pou pi piti mouri e anpil lòt blese.

Daprè otorite yo 4 bonm ki te vize pèleren shi’ite yo andedan ak nan alantou Bagdad touye omwen 19 moun tandiske 2 machin pyeje touye 5 moun pou pi piti nan vil Balad ki gen shi’ite pou pifò nan nò Irak.

Otorite yo di 2 machin pyeje eklate tou nan vil Hila nan sant peyi a omwen 21 moun pèdi la vi yo. Eksplozyon sa yo se dènye nan yon seri atak ki fèt sou shi’ite irakyen mwa sa.
XS
SM
MD
LG