Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè fè Plizyè Viktim nan Afganistan


Premye tranblemanntè ki gen yon magnitid 5,4 sou nechèl richtè a frape pwovens Baghland nan nò Afganistan. Ensidan sa a lakoz glisman teren ki detwi plis pase 20 kay nan Komin Burka.

Otorite lokal yo di omwen 60 moun bloke nan pwovens la e yo pa ko konnen sò moun sa yo. Apeprè 25 minit pita Sant sondaj Geolojik Etazini an di yon pi gwo tranblemanntè ki mezire 5, 7 frape mèn rejyon an .
XS
SM
MD
LG