Accessibility links

Breaking News

Daprè yon Palmantè "Ayiti dwe Adopte Mezi Pou Limite Echanj li Ak Repiblik Dominikèn"


Plizyè sektè nan sosyete Ayisyèn nan reyaji fas ak dènye desizyon gouvènman dominiken an pran pou l ranfòse kondisyon pou Ayisyen aplike pou yon viza.

Daprè desizyon sa a, gen anpil papye peyi a mande pou l kapab bay yon moun yon viza epi se chanselye dominiken nan ki pral deside si wi ou non l ap aksepte demand la.

Pou Depite Guy Gérard George ki se prezidan komisyon afè etranjè nan chanm depite a, se yon sitiyasyon ki "honteux" e ki inakseptab. Li lanse apèl bay otorite ayisyèn yo pou yo reyaji fas ak sitiyasyon sa a.

Daprè depite a, otorite ayisyèn yo ta dwe adopte yon seri mezi bò pa yo pou kontwole konbyen konntenè k ap antre nan peyi a sòti nan Repiblik Dominikèn.

Korespondan nou Rotchild François Junior gen reyaksyon palmantè a nan Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG