Accessibility links

Breaking News

Dayana Mercier: Nan Direksyon yon Karyè Entènasyonal


Dayana Mercier , pitit fi briyan kibòdis Ansyto Mercier, reprezante yon jèn chantèz ayisyen ki chaje ak talan, e ki gen anpil rèv.

Dayana ki chante antwòt nan stil R&B, Reggae, ta renmen tounen yon vedèt entènasyonal san l pa bliye rasin ni.

Li deja ekri plizyè mizik ki atire atansyon melomann ak konesè yo, pami yo Al Lekò ak Crazy Teens.

Ak yon ankadreman enkondisyonèl bò kote manmann Tamara Bélizaire e soutyen papa l Ansyto Mercier, Dayana ap karese yon pakèt rèv malgre jèn aj li.

Li fenk boukle etid sekondè l e vle ale nan Fakilte Dwa paske li gen yon sansibilite imanitè espesyalman pou timoun.

Dayana ki se yon dansèz; renmen li , gade televizyon e li gen yon afeksyon espesyal pou sinema .

Moun kapab jwenn Dayana sou FaceBook, Twitter e sou You Tube.

Dayana Mercier se te envite Jacquelin Bélizaire nan 2 edisyon Fowòm Jèn.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute entèvyou sa a.
XS
SM
MD
LG