Jean-Pierre Leroy, jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik k ap patisipe nan 18èm edisyon fwar « Livres En Folie », sèvi ak dram plizyè milye fanmi dispèse apre tranblemanntè 12 janvye 2010 ki te frape Ayiti a pou l ekri « Retrouvailles De Rescapés ».
«Retrouvailles De Rescapés», se yon woman chaje ak emosyon ki rakonte istwa yon fanmi ki rive siviv apre gwo katastwòf sa a.
Woman sa a, mwatye fiksyon, mwatye reyalite; repwodui vi sosyal, politik, ekonomik ak psikolojik ayisyen yo 6 premye mwa apre tranblemanntè 12 janvye a.
Lanmou, pasyon, solidarite kwayans, mizè, enskirite, se «toile de fond» liv sa a ki chaje ak sispens.
Jean-Pierre Leroy reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste nan ribrik Literati Karayib ki pase chak vandredi aprèmidi sou Lavwadlamerik.