Accessibility links

Breaking News

Fen yon Somè Nò-Ameriken nan Washington


Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare vyolans ki makònen ak trafik dwòg nan peyi Meksik kapab genyen sa lidè ameriken an rele “move konsekans” ki ka deteryore relasyon ant Lèzetazini ak Meksik.

Prezidan Obama pale konsa lendi 2 avril 2012 la apre yon somè ki dewoule nan Lamezon Blanch ant li menm, Prezidan meksiken an, Felipe Calderon, ak Premye Minis kanadyen an, Stevens Harper. Lit kont trafik dwòg sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la te youn nan gwo tèm diskusyon ki dewoule ant 3 lidèf nò-ameriken yo.

Sou dosye sa a, Prezidan Barack Obama deklare:

Nan Meksik, Prezidan Calderon demontre yon gwo kouraj nan pozisyon li pran kont trafikan dwòg ak katèl yo, e nou dwe akselere livrezon ekipman ak asistans nap bay Meksik pou nou apwiye efò sa yo.”

Prezidan Obama ajoute Lèzetazuni genyen yon responsabilite pou li redui demand dwòg lakay li epi bloke sikilasyon zam ak gwo mago-lajan kap fèt sou fwontyè amerikano-meksiken an.

Prezidan Calderon, bò kote pa l, fè konnen Meksik pa ka mete fen nan zak vyolans yo san li pa rive sispann trafik zam nan. 3 lidè nò ameriken yo te pale tou sou ekonomi ak komès.
XS
SM
MD
LG