Accessibility links

Breaking News

Fiziyad nan yon Lekòl nan Kalifòni. Bilan: 7 Moun Mouri


Nan vil Oakland, nan Eta Kalifòni, Ozetazini, lapolis fè konnen yon ansyen etidyan ouvè koutzam nan yon inivèsite kretyèn pou imigran koreyen oubyen pitit imigran Koreyen. Bilan: 7 moun mouri, tandiske gen 3 lòt ki blese. Non lekòl la se “Inivèsite Oikos”

Daprè otorite yo, sispèk-la, ki genyen 43 zan, se yon sitwayen koreyen ki pat pran tan pou l rann tèt li bay lapolis aprè fiziyad la. Etudyan Deborah Lee fè konnen li te tande koutzam yo epi li kouri.

“Lè m te tande koutzam yo pou lapremyè fwa, mwen te panse sete fedatifis oubyen yon jwèt. Men, aprè m te tande yon dam rele, rele byen fò plizyè fwa, mwen te wè pwofesè m nan antre anndan an pou l te konn sa k tap pase. Li te retounen pou l di nou : gen yon moun ak zam nan lekòl la ; se pou nou kouri sòti. Konsa, nou tout nan klas la te kouri sòti."

Chèf polis vil Oakland la, Howard Jordan, di fiziyad sa a se yon zak ki choke li, menm jan, daprè li, se yon zak moun fou ki pa fè sans. Li kontinye pou l di sa l te wè devan je l lè l te rive sou sèn nan, sete yon veritab kawo, yon veritab sitiyasyon tèt anba.

Misye Jordan di :
“Anpil moun te kache nan building ki te fèmen a kle; anpil pòt te fèmen, moun te kache anba biwo e, tankou nou ka konprann sa, yo te pè anpil. Gen nan yo ki te blese; konsa nou te gen pou n al pote yo sekou. Nou te oblije sèvi ak lafòs pou n te antre nan kèk sal.”

Fondatè inivèsite a, Pastè Jong Kim, pale ak laprès pou l di atakan an se yon ansyen etidyan nan domèn«infirmerie ». Misye Kim ajoute li pa konnen si yo te mete misye deyò nan lekòl la oubyen si se li ki te deside mete fen nan etid li anvan li te pran diplòm ni. Jiskaprezan pèsonn pa konnen poukisa etidyan an lanse atak sa a.
XS
SM
MD
LG