Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kreye yon Pòs Anbasadè Itineran pou Lafrik


Gouvènman ayisyen an kreye yon nouvo pòs diplomatik: se pòs anbasadè itineran pou Lafrik. Wòl diplomat sa a pral genyen se ranfòse rapò epi amelyore kominikasyon ant Ayiti ak peyi afriken yo.

Pèsonalite chansèlri a chwazi pou okipe fonksyon sa a se jounalis de karyè Ady Jean-Gardy, ki se aktyèl chèf kabinè Minis Afè Etranjè Laurent Lamothe.
XS
SM
MD
LG