Accessibility links

Breaking News

Rechofman Atmosfè Planèt Tè a : Yon Pwoblèm Ki Koute Chè


Pandan 50 tan ki sòt pase yo, rechofman global la pwovoke yon bann chanjman klimatik ekstrèm tankou vag chalè, gwo tanperati ak anpil lapli nan plizyè rejyon planèt tè a. Se konklizyon yon nouvo rapò “Panèl Entègouvènmental Sou Chanjman Klimatik la (IPCC) ki egzòte nasyon yo atravè lemond prepare yo pou yo wè plis chanjman toujou.
Nan ane 2011 la, move tan te fè anpil dega atravè lemond. Seri a te tanmen jou nouvèl an ( 1er janvye menm ane-a) nan Eta Cincinnati ak Arkansas, isit Ozetazini.
Bill Wing, se moun Eta Tegzas. Li di: li te tande toudenkou yon bri kòmkwa se te yon tren ki tap vini. Ou te ka santi van an ak vibrasyon yo …ou ta konprann se yon tranblemanntè”
Ane pase, apeprè 1600 tornado te frape divès rejyon Lèzetazini. Diferan lòt pati nan lemond te fè eksperyans menm kalte move tan sa yo tou.
Thaïland te resevwa plis pase 80 pousan lapli li konn abitye tonbe sou achipèl la. Avan sa, Larisi te viv youn nan ete ki te pi cho li janm anrejistre depi 500 zan.
Pa gen yon katastwòf natirèl egzat savan yo reyèlman asosye ak chanjman klima a, men espesyalis yo dakò pou di diyoksid kabòn ak lòt gaz ki sòti nan konbistyon enèji fosil yo rechofe atmosfè a.
Rajendra Pachauri, prezidan IPCC a, di gen anpil chans pou kondisyon sa yo pwovoke plis sechrès, anpil lapli ak pi gwo siklòn.
Dezas natirèl ki makònnen ak move kondisyon klimatik la koute chè, swa anviwon 80 milya dolla pa ane. Etid IPCC a di se peyi pi pov yo ki viktim plis sitiasyon sa a (an tèm lajan yo depanse ak moun ki pèdi lavi yo) paske yo gen mwens mwayen pou yo fè fas ak dezas yo.
Rapò a site plizyè milye etid syantifik ki fèt sou chanjman atmosfè a.
Otè rapò sa a di responsab yo okouran ase pou yo pran bon desizyon pou jwenn kouman yo ka adapte-yo epi minimize risk dezas ki genyen rapò ak chanjman klimatik la.
XS
SM
MD
LG