Accessibility links

Breaking News

Yon ONG Mete Fen nan Pwojè li ann Ayiti


Nan yon rankont ki dewoule jedi 29 mas la nan Otèl Montana nan Pòtoprens, pwojè kominotè “Cash for Work” mete fen nan aktivite li ann Ayiti. Oganizayon non gouvènmental sa a te apiye e finanse divès pwojè devlopman agrikòl nan Depatman Lwès, Latibonit ak Plato Santral -sitou nan vil Pòtoprens, Mibalè, Hench, Gonayiv ak Sen Mak.

Li te mennen operasyon li sitou grasa asistans Fon Japonè pou Devlopman Sosyal ; li te jwe yon gwo wòl nan efò ki fèt pou ankadre viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te kite kapital la pou yo te ale pran refij nan kèk lokalite ki pa lwen Pòtoprens.

Rankont jedi a te dewoule an prezans kèk ofisyèl gouvènman ayisyen an epi reprezantan divès enstitisyon devlopman entènasyonal, tankou Bank Mondyal ak Fon Pan-Ameriken pou Devlopman ki te ede reyalize dives pwojè “Cash for Work”.

Klike sou ikon ki anba e agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Jean-Christophe Collègue
XS
SM
MD
LG