Accessibility links

Breaking News

29 Mas 2012 : Ansyen Militè yo Pran Lari nan Pòtoprens ak Kap-Ayisyen


Manm ansyen Fòzame d Ayiti (FAD’H) te pran lari nan Pòtoprens ak Kap-Ayisyen jedi 20 mas 2012 la. Yo mande Leta remete enstitisyon an nan plas li kòm yon fòs defans epi nonmen yon chèf eta majò pou yo.

N ap raple ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristid te kraze lame a nan mitan ane 90 yo –pi presizeman nan ane 1995- kèk mwa aprè li te renounen sòt ann egzil kote yon kou-deta militè te voye li nan sezon ete 1991 la.

An palan de Misye Aristide, patizan li yo (Lavalasyen yo) te pran lari tou nan jounen 29 mas la 2012 la, pou yo mande Prezidan Michel Martelly bay demisyon l, paske : « li pa sitwayen ayisyen.»

Klike sou ikon ki anba e agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Yvan Martin Jasmin depi Kap Ayisyen.
XS
SM
MD
LG