Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Mondyal Lasante: Nouvo Varyan COVID-19 la Pa Dwe Bay Kè Sote


Tedros OMS
Tedros OMS

OMS di yo detekte yon nouvo varyan koronavirus an Frans men li pa dwe bay kè sote pou kounye la a.

Ekspè nan Fondasyon Mediterane pou Enfeksyon nan vil Marseille di yo dekouvri nouvo varyan B.1.640.2 a nan mwa desanm pase lakay 12 pasyan ki te abite toupre Marseille, pami yo premye paysan ki teste positif apre yon vwayaj nan peyi Cameroun nan Afrik Santral.

Chèchè yo di yo idantifye 46 chanjman nan nouvo varyan an ke yo idantifye kom IHU, kidonk li pote non enstiti a, e ke chanjman sa yo ka fè li gen plis rezistans kont vaksen yo e fè l pi kontajye pase premye koronavirus la.

Ekip fransè a revele twouvay yo a nan yon etid yo publiye sou sit entènèt syans lasante ki rele MedRxiv ki publiye etid ke chèchè sa yo pako bay koleg yo revize, e ke yo pako publiye nan yon jounal akademik.

XS
SM
MD
LG