Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans Kontinye Koze Lanmò nan Siri


Zak Vyolans Kontinye Koze Lanmò nan Siri
Zak Vyolans Kontinye Koze Lanmò nan Siri

Nan Siri, televizyon Leta a fè konnen moun estasyon an reprezante kòm sa li rele « teworis » mouri nan yon konfwontasyon ki dewoule jodi lendi a ant rebèl ak twoup gouvènmantal yo nan yon katye rich vil Damas. Daprè pwogram televizyon an, yon sòlda pèdi lavi l tou.

Tewmen fè konnen yo te tande kout mitrayèz ki t ap pati ak grenad ki t ap eksploze nan katye al-Meezi, youn nan zòn kote sekirite a plis sere nan Damas. Se la ou jwenn plizyè anbasad ak kèk biwo leta.

Dimanch 18 mas la, yon machin pyeje te eksploze tou prè yon bilding ki sèvi kòm biwo anpwlaye sèvis sekirite Leta nan vil Aleppo, nan nò Siri. Bilan : 2 moun te mouri tandiske 30 lòt te blese.

XS
SM
MD
LG