Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Tout Je Fikse sou New York Kote Eleksyon Primè pral Dewoule 19 Avril.


Kandida a la prezidans Etazini (sòti agoch, anlè, pou ale adwat, nan sans zegui yon mont): Ted Cruz, Hillary Clinton, Bernie Sanders ak Donald Trump.
Kandida a la prezidans Etazini (sòti agoch, anlè, pou ale adwat, nan sans zegui yon mont): Ted Cruz, Hillary Clinton, Bernie Sanders ak Donald Trump.

Ozetazini, kandida a la prezidans pou pati repibliken an, Donald Trump, ap eseye remete van nan vwal li nan kous pou nominasyon pati a nan moman kanpay la pran direksyon Eta kote li rezide a, an palan de Eta New York. Pandan misye Trump tap pale nan vil New York mèkredi swa, li pase nan betiz deklarasyon advèsè li, Ted Cruz, te fè sa pa gen lontan pou l pale moun New York mal, kòmkwa yo se moun ki pa gen bon prensip. Donald Trump fè kòmantè sa yo:

Kandida Donald Trump leve anlè yon postè yon patizan li te lonje ba li aprè li te fin pale nan yon meeting elektoral nan vil Bethpage, nan Eta New York, mèkredi 6 avril 2016 la.
Kandida Donald Trump leve anlè yon postè yon patizan li te lonje ba li aprè li te fin pale nan yon meeting elektoral nan vil Bethpage, nan Eta New York, mèkredi 6 avril 2016 la.

“Anyen nan peyi a pa sanble ak sa k te rive nan atak 11 septanm nan. Se pi move atak nan tout istwa Lèzetazini. Bravou moun nou yo te montre nan okazyon an se yon bagay enkwayab. Se nou tout ki te viv moman sa a. Epi pou nèg ki rele Ted Cruz la jwenn mwayen ret’ laba a, lap gade m, lap pale moun New York mal avèk mepri sou figi li, avek hèn pou moun New York. Alòs, mezanmi, mwen panse misye pa nan katon an menm; li te mèt bliye sa a.”

Ted Cruz fè konnen deklarasyon li te fè sou New York la konsène sèlman politisyen liberal yo, menmsi anpil moun New York konsidere sa l te di a kòm yon ensilt, yon mank dega. Menm jan ak Donald Trump, Ted Cruz twouve l nan New York kote li ale apre gwo viktwa li te ranpòte madi 5 avril la nan eleksyon primè Eta Wisconsin nan. Li te pale ak yon foul kote te gen kèk moun ki tap rele chalbari dèyè li, menm jan sa te rive tou lè Trump tap pale a. Ted Cruz di:

Ted Cruz pandan li tap mennen kanpay nan jounen madi 5 avril 2016 la.
Ted Cruz pandan li tap mennen kanpay nan jounen madi 5 avril 2016 la.

“Mwen panse se yon tounan nan tout eleksyon an. Nou ranpòte 4 Eta youn apre lòt nan 2 semèn ki pase yo, kote nou bat Trump san rete, eleksyon apre eleksyon.”

Sepandan, malgre optimism Ted Cruz montre nan deklarasyon sa a, sondaj yo montre Donald Trump genyen yon bon jan avans ni sou li, ni sou Gouvènè Eta Ohio a, John Kasich nan moman jou ap pwoche pou New York òganize eleksyon primè li nan dat 19 avril kap vini la a.

XS
SM
MD
LG