Accessibility links

Breaking News

Boukantay kout Zam nan Palman Kanada a: Bilan 2 Moun mouri


Yon polisye nan Ottawa k ap leve yon riban pwoteksyon pou pèmèt pyeton kite zòn sant-vil la apre fiziyad ki fèt nan lokal Palman kanadyen an mèkredi 22 oktòb la
Yon polisye nan Ottawa k ap leve yon riban pwoteksyon pou pèmèt pyeton kite zòn sant-vil la apre fiziyad ki fèt nan lokal Palman kanadyen an mèkredi 22 oktòb la
Plizyè douzèn kout zam pati mèkredi anndan lokal Palman Kanada a nan vil Ottawa apre yon eleman ame touye anba bal yon sòlda ki t ap asire sekirite devan yon Mozole Nasyonal lagè a nan kapital kanadyèn nan.

Lapolis di yon eleman ame jwenn lanmò li nan bilding prensipal la. Men mèkredi apre midi otorite yo fè konnen yo kwè se 2 ou 3 moun ki te enplike nan fiziyad la e y ap chèche youn oubyen 2 lòt sispèk. Yon responsab Jandamri Wayal Kanada a kalifye sitiasyon an kòm yon sitiasyon “dynamik kap evolye” nan sant kapital la, Ottawa.

Kanada monte nivo alèt anti-teworis la pou mete l nan nivo mwayen akòz “bann deklarasyon” gwoup radikal tankou Eta Islamik la ak al-Qaida, malgre pa genyen okenn menas presi sou peyi a. Majistra kominal (Maire la) Jim Watson di responsab yo poko konnen orijin ak kòz atak mèkredi a.

Atak yo rive 2 jou apre yon eleman ki konvèti nan relijyon mizilman an te pote-boure ak yon otomobil sou 2 sòlda kanadyen e touye youn toupre vil Montréal. Polisye ame jouk nan dan ak konkou veyikil blende antoure lokal palman an kote yo boukle zòn nan pou chèche sispèk yo. Lapolis nan Ottawa di gen kout zam ki te tire tou nan yon magazen gran sifas (yon depatman stò) toupre a.

Radio Canada fè konnen lapolis konfime gen yon eleman ame ki pèdi lavi li nan bilding santral palman an. Yon pòtpawòl premye minis kanadyen Stephen Harper di chèf gouvènman kanadyen an kite zòn nan apre fiziyad e li sen-e-sof.

XS
SM
MD
LG