Accessibility links

Breaking News

Pwolongasyon Delè Reenskripsyon Pou Kandida Pou TPS la


A man takes a nap on a bench at a park in Tokyo, Japan.
A man takes a nap on a bench at a park in Tokyo, Japan.
Sèvis Imigrasyon Lèzetazini (USCIS) anonse li pwolonje pou jouk 29 janvye 2013 peryòd re-enskripsyon pou sitwayen ayisyen ki te deja benefisye stati pwoteksyon tanporè a (TPS) e k ap chèche konsève stati sa a pou 18 lòt mwa ankò.

(USCIS) endike li pran desizyon sa a akòz konsekans siklòn Sandy genyen sou rejyon kote ayisyen yo sòti nan peyi yo e li ankouraje tout ayisyen ki benefisye stati "pwoteje tanporè a al aplike le pi vit posib.

Gras ak pwolongasyon sa a, Sèvis Imigrasyon Etazini pral aksepte tou aplikasyon pou moun ki te deja ranpli aplikasyon apre dat pou reenskripsyon an te rive nan bout li 30 novanm 2012 la, e li pral kontinye aksepte enskripsyon jouk 29 janvye 2013.

Imigrasyon Etazini fikse premye peryòd 60 jou reenskripsyon apre Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an te anonse nan mwa oktòb 2012 l ap pwolonje pou 18 mwa TPS la pou Ayisyen sòtii 23 janvye 2013 pou rive jouk 22 jiyè 2014.
Anviwon 60,000 ayisyen (ak moun yo pa detèmine nasyonalite e ki te genyen Ayiti kòm dènye peyi rezidans) ka al reenskri pou TPS. Sepandan USCIS presize Ayisyen ki te antre Ozetazini apre dat 12 janvye 2011 pa ka benefisye stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) .


XS
SM
MD
LG